Nan mitan yon nwit sonm m ap gad reflè w k ap pote m
Chemine ak mwen
Karese lanjelis ak popyè w
OU se dlo k ap koule nan kè m fè jaden m boujonnen lawouze w devlope m devlopmanm mouye tranp
M ekri w sou pachmenm
Pote flanbo w nan panse m gad jon lanmou etranj
Tranpe ak losyon w
OU banm fòs kote fòs mistè kache m konprann emosyon w
OU son rebèl mache Sou 13 pa pile 14
Marande m ak twal ble w si bouji ble m fè foli sispann fè patinay
Paka efase s ak tache nan panse m li mèt fè farinay
Li enposib pou istwa nou vante te
Konnen w jalou tikè w ponyade
OU se nègès ki pran kou mеn ki pare pou sa k vin pote m ale
M an trans an dansan nan bra w sеlebre lanmou ven wouj ap koule
Plonje nan esans nan esans OU se SA k esansyèl ki fè m jayi wete chapo nan miwa lakansyèl
Nan ke ròb ou m vlope
Yo choke
Sa k te vle stope m
Nan kè w m wè jaden m ap fleri m wè byen nèt
Avò w mwen santi m bon OU fè mwen santi bon avèk byennèt
Pòt mwen louvri rantre bazilik fè tapi wouj son rènn m ap resevwa
Sa k fè m koube m byen ba devan w pou m pa janm desevwa w
Gade tchovi tande kri
Pri yo
Tande bri yo
N ap bwè chanpay manje griyo
3 zyèm je m louvri ak lòv OU pote banm
Fanm janm k ap monte gam
Avò w m konte pa m
Nan chak dans lavi ou bò kote pa m
Avò w pou m fè depam
Ou son van k ap pote m vwa w si dous m pa janm dewoute
Nan mwen SE bagèt enènèji w k ap klere m yo panse m nan obskirite yo pat janm vle goute
Siksè lanmou met nan menm verite a solid
Nan bra w mwen kagou
Nanpwen dòmi nan je èske m nan rèv m ta vle pa reveye anndan yon ensomni
Madoken homie